04/18/2025
*Dyalòg sou mounite ak ayisyanite ekri pa Roodz !*
Jan-Ayè : Sak pase patizan m, kijan kò a ye, kouman sa ye?
Nou-Demen : Lizay sou ou zanmi pa m, nap fè jefò, nap tyenbe Mounite n pou l pa etènn lite pou Ayisyanite n pa mouri.
Jan-Ayè : jan w reponn mw la a, se kòkwa dire moun ap etènn e Ayiti ap peri, se sa ou byen ?
Nou-Demen : se pa vrèman sa, men si w mande m koze, ma di w kichòy !
Jan-Ayè : koze mande chèz, di m plis?
Nou-Demen : ebyen pitan m, si w gen konviksyon, santiman, bon jan konpòtman, konpasyon, amou pwòp, respè, lizay, ladrès, atansyon, obsèvasyon ak konpreyansyon lakay ou ou byen ou aprann mete tout sak nan lis sa a ke pa genyen sou sak andan w deja, lè sa a tout engredyan sa yo fòje mounite n, sa vle di w diferan de bèt sovaj, fewòs ki pa domestike, ou tounen yon nwizans pou lòt yo e yon danje pou tèt ou.
Jan-Ayè : A wi grandèt mwen komanse konprann e wè sa w vle di a, e ayisyanite a menm, sal ye ?
Nou-Demen : trè byen tijèn, si w idantifye w ak solidarite pou drapo w, fratènite nan kominote w, tèt ansanm nan aktivite w, lanmou pou zansèt 1804 yo, fyète nan lanng manman ki se kreyòl, apresye kilti n, valorize koutim nou ak valè n, mete kwayans zansèt nou yo an evidans, pwomote peyi n, moniman n, istwa n, aprann lòt yo renmen e tè sa nap viv lan e ki ba nou manje a e pa desi tou travay pou n devlope l, anrichi e fèl bèl nan memwa zansèt 1804 yo, konsa chak grenn nan nou ap rive rejwenn Ayisyanite l.
Jan-Ayè : bèl diskou byen chita bravo, men grandèt eske w pa nan rèv? Bagay sa yo se te bagay ayè, bagay le pase, se sèl epòk sa yo ki te gen fyète pou Ayisyen ak Ayiti, sa w di nan sa ? Pa di m malelve non men se konsta pa m.
Nou-Demen : franchiz ou ak tenasite w pou w chèche konnen se yon bel kalite, e mw apresye sa kay yon jèn, men se toujou yon bèl apwòch lè w deside konnen, etidye, evalye, dekòtike istwa pase yo, se moman pou w fon w gade dèyè tou piti pou w analize e konprann kisa ki pat mache pou w pa ni retounen sou li, ni kanpe pou li, paske w pral gen bezwen fokis tèt drèt nan nouvèl vèsyon w lan !
Jan-Ayè : koman m ta dwe fè sa la a, ki kote m dwe kòmanse menm ?
Nou-Demen : Aranje w pou w bay tèt ou yon objektif, yon bi, mete volonte, fòje konviksyon w, cheche motivasyon, itilize tout mwayen posib e rezonab, aplike disiplin ak severite nan sa w vize a, mete kwayans ou ladanl e montre lot yo egzanp lan, pataje lide sa nan lantouray ou.
Jan-Ayè : mèsi grandèt, ou fè m louvri je m men se lespri m mwen bezwen louvri kounya pou m ka aplike sa w di m yo, ou panse sa posib ?
Nou-Demen : mw kontan ke w konprann jodi a ou se elèv tèt ou, ou vle aprann, demen w ka tounen pwofesè tet ou ak lòt yo. Fòw konnen depi w ka panse l ou ka fè l, depi w ka reve l ou ka konkretize l, depi w ka konseptyalize l ou ka materyalize l.
Jan-Ayè : La a wap pase anlè, m santi wap filozofe, mwen nan nyaj, fon w ateri, mwen pèdi, fè m konprann.
Nou-Demen : Ayè m te konsa tou, m te jèn, m te prese, m te anlè, mpat ko pran tan m, pran san m pou jwenn evèy lan, paske m pat konnen si moun an jeneral, ayisyen an patikilye te gen yon mistik andan l, paske lespri w pa gen limit, ou di mwens limit li se sispann panse ak reflechi, depi w ka reflechi ou ka transfòme refleksyon w lan an materyo pou konstwi byen èt ou, byen èt fanmi, pwòch ou, kominote w ak peyi w.
Jan-Ayè : La a ou pase swa kou dlo kokoye, ou mete nan tèt trant lan, devan gwo kare a, men e si yo takle m, bare m, anpeche m e blok m nan sifas reparasyon an ?
Nou-Demen : Byen di ti jèn, bèl kesyon, anyen pa janm fasil, okenn wout pa janm dwat, okenn solisyon pa janm pa sòti de yon pwoblèm, kidonk se aprann retire vye lide negatif nan tèt ou, kòm kwa ke w paka fè sesi,ou sela, kòm kwa ou pa kwè sesi ou sela, pwodiksyon ak destriksyon nan ou, pasyon ak dekourajman nan ou, sajès ak frenezi nan ou, inite ak divizyon nan ou, volonte ak non chalans nan ou, disiplin ak libètinay nan ou, moralite ak endesans nan ou, byen ak mal nan ou, renmen ak rayisans nan ou, manti ak verite nan ou, sansibilite ak endiferans nan ou, trankilite ak latwoublay nan ou, lòd ak dezòd nan ou, KIDONK SE PA YON LÒT MOUN KI KA TELECHAJE YO NAN OU, SE OU KI DWE TELECHAJE LÒT LAN NAN PLAS SA K PA VLE W AVANSE E PWOGRESE A.
Jan-Ayè : Donk si m chwazi byen, volonte, lòd, disiplin, trankilite, lanmou, byen, sajès, inite, moralite, sansibilite, pasyon, pwodiksyon ak motivasyon map fè mèvèy nan yon ti tan tou kout ke m pat menm ka fè pandan tout vi m ?
Nou-Demen : Pale mwadsa pitanm, toujou sonje si w aplike pou kò w selman wap reyisi pou yon ti bout tan, men siw ede lòt moun aplike l, aprann li e pwopaje l wap reyisi pou lontan, konnen ke si lanati ede w fè transfòmasyon pèsonèl sa a nan lespri w avan, aprè lap fòje volonte w nan ajisman w pou aplike, aprann, pataje, veyikile e pwopaje yo nan antouraj ou.
Jan-Ayè : Ou panse m kapab, di m sa w wè pou yon jèn tankou swivan eksperyans ou?
Nou-Demen : Mache chèche pa dòmi san soupe, depi w te dakò kesyone tèt ou sou sa w pa konprann e sa w pa konnen, sèke w vle aprann. MW KWÈ KE YON LÒT OU MENM POSIB E DIRAB, A OU POU PWOUVE TÈT OU LE KONTRÈ.
Jan-Ayè : Men franchman nou merite yon redemaraj ak yon refòmataj sosyetal, paske Ayisyanite a ak mounite a dwe reyenplante ak lòd, disiplin, lonè, merit, respè ak bon jan sanksyon paske jan peyi a ye la a, se sovkipe l ye, mwen kapab fè l pou tèt mwen men lòt yo se misyon enposib wi sa w wè ?
Nou-Demen : zafè kabrit pa zafè mouton sa pa ride n ale pi lwen, se vre depi nan ginen youn te rayi lòt jiskaske n dwe wè ke nou sanble, nou menm koulè, nou nan menm peyi, menm lanng, menm drapo, menm koutim, menm tradisyon, menm dwviz, menm zansèt, menm orijin e menm kwayans dafrik la, SA SIFI POU N FÈ YON SÈL, NAN LANMOU AK FRATÈNITE. Pa gen okenn kote nan kilti n, koutim nou ak kwayans ansestral zansèt nou yo ki mansyone ke yon sèl dwèt selman ka manje kalalou?
Jan-Ayè : Savle di si reyisi emansipe e eveye pou kòm se yon echèk?
Nou-Demen : Si solèy la leve sèlman sou pwopriyete w, ou pa panse ke lòt yo ap bezwen vin chofe yon jou lakay ou? E si w anpeche yo chofe, ou pa panse ke yap fini pa wè se ou ki obstak a elimine a? Donk si w pa aksepte pou bay yo espas pou yo chofe tou ansanm avè w, ou pap ka chofe toutan, alòs nou pap ka chape youn grenn sel, men n ka lite pou n delivre ansanm.
Jan-Ayè : Kidonk si m apran renmen tèt mwen dabò map wè nesesite pou m renmen lòt yo, si m bay tèt mwen valè m ka bay valè an retou?
Nou-Demen : Ou komanse sou bon wout lan, se tèt ou pou w aprann apresye pou w ka renmen lòt yo, bay valè e apresye pwòch ou, sanblab ou, zònn ou ak peyi w! OU PAKA LÈD ANDAN EPI W PANSE W PRAL BÈL DEYÒ, OU PAKA POURI DEYÒ POU W KONPRANN KE W PAP POURI ANDAN.
Jan -Ayè : Ou pa panse n ta dwe di moun kap li yo kiyès nou ye ?
Nou-Demen : Mwen te ou yè, nan tan pase m, mwen te wè tèt mw sèlman paske yo te sispann montre m sa, ou te aprann mw legoyism, rayisans, mechanste, divizyon, hinghang, zizani, medizans, jiskoboutism, men demen ou tounen mwen menm e nou tout, nou rive konprann ke n te pèdi : mounite n, ayisyanite n, diyite n, fyète n, amou pwòp nou, lanmou pou peyi, kilti n, rasin nou, koutim nou, drapo n ak valè, jodi a ou konprann poukisa demen wap tounen nou tout si w pa vle disparèt poukò w e si n vle ne de nouvo ansanm men dan la men demen nan Ayiti ke nou tou reve a .
*Teks de Roodz*