Sony L.

05/27/2026

Kiyès k ap fill pou ou? Rosolie Rosolie #1 douvan stand Mairie de Léogâne - La Cité d'Anacaona a.
!

📷: Steeve Martin

05/26/2026

Maestro Stephane ki t ap fè zafè l ak baryton an nan La Fleur de Rose.
!

📷: Steeve Martin

05/25/2026

Cenat Caisse D'or Int t ap bay sèvis li nan Ti Malice Kache De Cassagne. Kisa kès lan te genyen ak 𝐊𝐞̀𝐬𝐝𝐨̀ la a mezanmi?
!

📷: Steeve Martin

05/24/2026

Kolonèl chèlbè ki pi fò nan taye frèt kach lan te byen bòzò devan Renommée de Belloc. Se kolonèl ki toujou ap kominike ak fanatik yo.

𝐊𝐨𝐥𝐨𝐧𝐞̀𝐥 𝐁𝐢𝐠 𝐌𝐚𝐧 se yon referans nan Rara Leyogàn.
!

📷: Steeve Martin

05/23/2026

Tanbou Rara m Frape | Samedi 23| 05 | 2026

05/22/2026

𝐏𝐞𝐭𝐞𝐫𝐬𝐨𝐧 𝐄𝐗𝐔𝐌𝐄́, se yon mizisyen ki chame anpil fanatik ak dirijan Ti Malice Kache De Cassagne. Selon sous enfòmasyon n ka fè konfyans, basis lan deja gen kontra ak bann Kasany lan pou sezon 2027 lan.
!

📷: Steeve Martin

05/21/2026

𝐁𝐚𝐛𝐲 𝐌𝐞́𝐥𝐨𝐝𝐢𝐞 nan repetisyon 𝐒𝐚𝐭𝐞𝐥𝐥𝐢𝐭𝐞 𝐝𝐞 𝐒𝐚𝐫𝐛𝐨𝐮𝐬𝐬𝐞, nan dat 20 me 2026 lan.
!

Nan yon ti pale n te genyen ak   jodi dimanch 3 me 2026 lan, mizisyen an fè n konnen li pran kèk mezi li estime k ap bon...
05/04/2026

Nan yon ti pale n te genyen ak jodi dimanch 3 me 2026 lan, mizisyen an fè n konnen li pran kèk mezi li estime k ap bon pou karyè li.

lan di pou sezon 2027 lan, aprè bann l ap siyen kontra pou l jwe avè l la, piga okenn lòt bann mete espwa sou li nan sa ki gen pou wè ak .

fè konnen, li p ap disponib pou l depane okenn bann tankou pou jwe pou yo nan , nan , nan , nan pou n site sa yo sèlman.

Mizisyen an fè konnen li pa gen pwoblèm ak okenn bann, tout bann se bann li, men li chwazi pran desizyon sa yo jiska nouvèlòd yon mannyè pou l kapab mete plis prensip nan karyè mizikal li.
!

Twazyèm Epizòd.- Ansky Hilaire, Direktè Kiltirèl Mairie de Léogâne  - La Cité d'Anacaona a te kòmante post sa a Sony L. ...
05/03/2026

Twazyèm Epizòd.- Ansky Hilaire, Direktè Kiltirèl Mairie de Léogâne - La Cité d'Anacaona a te kòmante post sa a Sony L. and RARA YOGANN te fè pou te pataje senpati yo ak Harry Joseph (My Boy) lan. Nou te kontan wè sa. Sa vle di Direktè a te okouran de lanmò manman My Boy lan.

Mesye HILAIRE, nou panse li t ap fè plis sans si Direksyon Lakilti a te soti yon nòt sou paj an nan sikonstans sa a. Yon senp kòmantè pa sifi. N ap raple w dosye se sou do w li repoze nan komin nan. Poukisa tout neglijans sa yo?

My Boy vle di twòp bagay pou nou nan sektè Rara a, nou sipoze ba l valè li merite. Se youn nan ki ta merite pou n onore li. Kalite tèks li yo se pa bagay ki fasil pou jwenn. Enspirasyon l yo se pa bagay nou kapab imajine konsa konsa.

Nou pa pase w lòd, nou pa ka dikte w sa pou w fè nan ekzèsis fonksyon w, men, nou mande w pou w mete aksan sou pati sa a, paske n sipoze mete valè sou valè ki merite valè. Mèsi!
!

Premye epizòd lan ki te vize Chacha Sans Rancune nan fini. An n manyen dezyèm epizòd la. Nou menm moun Leyogàn kijan nou...
05/03/2026

Premye epizòd lan ki te vize Chacha Sans Rancune nan fini. An n manyen dezyèm epizòd la. Nou menm moun Leyogàn kijan nou fè trèt konsa a? Kijan nou fè renmen bliye vit konsa a? Sa vle di nou gen tan bliye kisa Harry Joseph (My Boy) vle di nan Rara Leyogàn?

Sa vle di se sèl Ste Rose Gros Bœuf Int ki konn enpòtans My Boy? Kote lòt bann Rara yo? Kote ? Kote ? Kote ti mesye yo? Kote Direksyon Kiltirèl Mairie de Léogâne - La Cité d'Anacaona a? An se konsa nou fè l moun Yogann?

Kote moun rekonèt valè moun tout bon, si moun Leyogàn te bay moun enpòtans yo merite, lanmò manman My Boy te sipoze fè gwo bri e gen yon seri de bagay senbolik ki ta sipoze fèt pou n salye memwa bèl nanm sa a paske pitit li travay pou sa deja.

Ou ka pa vle di anyen nan sosyete a, men pou sa pitit ou reyalize pou n pa di akonpli, ou sipoze parèt gran epi benefisye sa w pa ta imajine. Li pa twò ta non, nou ka toujou fè aksyon sou nenpòt fòm.

Non, non, non, Leyogàn an n pa fè l konsa. Nou pa ka pase nou lòd, li pa twò ta, an n bay Harry My Boy yon love mezanmi, li travay pou sa.
!

Felisitasyon pou ekip kominikasyon Chacha Sans Rancune nan ki, aprè kritik nou yo, rapid vit soti nòt sila a pou salye d...
05/03/2026

Felisitasyon pou ekip kominikasyon Chacha Sans Rancune nan ki, aprè kritik nou yo, rapid vit soti nòt sila a pou salye depa manman gwo bout tonton Sanba Harry Joseph (My Boy) la. Bravo!
!

Address

2020 Letterkenny Road
Chambersburg, PA
17201

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Sony L. posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share

Category