Feyton Ayiti

Feyton Ayiti Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Feyton Ayiti, Performance & Event Venue, Boston, MA.

11/23/2022

Happy 11th birthday to my first born Yaya. Love you ❤️

Note: mwen gen 5 zam, 3 manchet, 2 fistibal et 46 gr***de. ATTENTION 😡

01/26/2020

Bonjour koman nou ye fanatik Feyton Ayiti nou retounen pou nou mete Plezi nan kè nou

07/22/2019

Nou tounen pou n ka bay fanatics yo Plezi anko

07/22/2019

koman nou ye la

10/03/2018

Nap jwenn rès #8 la jodia

10/03/2018

Hello koman ou ye 👋👋

08/14/2018

Nap jwenn #6 la Kounya

08/05/2018

Bonjour fanatik feyton Ayiti kontinye patage feyton pita pou nou ka jwen n # 6 yon sèl rega a

08/01/2018

Like page ,la patagel Pou ka jwenn #5 lan

Istwa lanmou  #3Yon sèl rega stat kèmNancy: mezanmi m'en mesye a ap vini ui, wap gade komanl bwôdè, mesye a konn pale, l...
07/31/2018

Istwa lanmou #3

Yon sèl rega stat kèm

Nancy: mezanmi m'en mesye a ap vini ui, wap gade komanl bwôdè, mesye a konn pale, li gen bèl rega, li konn mache mezanmmi map fôl pou nonm sa, komanm ta chita la, banm kwaze pyem, woy non sim kwaze pyem sa pa fezab antanke premye fwa moun lan ap vin prezans, mwen, banm chita byen senp, m pa gen pozisyon ak kôm non, oooh gadon lanmou ki twop pou mwen papa!

Dawins : salut belle demwazèl, komanw ye? Ou vreman Nice!

Nancy: Bonjour, Bonswa woyy salut mesye! Mezanmi epam ap depale devan mesye a!

Dawins : ou sanble yon moun m te wè sou wout mwen déjà ui Nancy sim pa twonpem!

Nancy: oui oui se mwen ou te wè nan restoran an lèm te chita pou kont mwen an!

Dawins : oooh se pa manti vre non, woww se kounya map vin wè se kotem te chita a m te bliye telefôn mwen an, waww Nancy ou se yon bon moun, siw ka jwenn tlf sa, ou chwazi konsèvel pou mwen, ou pa menm Jan ak tout lot moun yo, kisaw vlem bâ ou Nancy? Mwen vle rekonpansew

Nancy : se pa selman tlf lan m te jwenn m te jwenn bous sa tou!

Dawins : ooooh mezanmi m pa menm rann kont m pèdi bous la non, telman telefôn lan tap dominem Nancy waww, tout pyès enpotanm yo nan bous la ui, yo tap tou revokem sim pata gen pyès sa poum antre nan travay la! Ou wè gade tout pyès sa yo se pyès travay la, sa se pou tel bagay, sa ankô, oooooh gade tout lajanm yo te ladann, wawww Nancy ou son fanm esepsyonèl, ki metyew Nancy?

Nancy: mwen fè enfomatik biwotik!

Dawins : sim ta fèw jwenn yon Job sou biwo kotem ap travay la sa ap deranjew Nancy?

Nancy; Oh non mesye, paskem poko ap travay!

Dawins : ebyen OK Nancy ou met kwèm plas ou àsire, ou met préparew, semèm kap vini wap travay sou metyew la!

Nancy: merci beaucoup mesye! Svp ou konn tande pale de entèl entèl!

Dawins : non m pa konn moun sa non.

Nancy: se yon moun m te gen nan vim, li disparèt, d'épi lè a m santi yon gwo vid nan mwen, lontanm pa resanti lanmou nan kèm!

Dawins : oooh evre boo, sa tris anpil ui, lew te renmen yon moun poul disparèt nan yon kondisyon konsa, ou twô gen bon kè pouw nan yon pwoblèm konsa Nancy ,

Nancy: ou ka fè yon ti palem de ou Wenmpi dawins ?

Dawins : non pam se Don Didrot , yon jèn talan , mwen se yon ekriven, ekri feytonm se tout pasyonm paskem gen yon pakèt fans poum enfome, mwen nan komikasyon, Map viv an famiy, mwen apèn gen 18an!

Nancy: waww se cool Wenmpi dawins , ou vreman saj, ou ka dim poukisaw rele tet ou Wenmpi Dawins

Dawins : merci boo, non sa soti kote ke m son nèg ki renmen bat nay anpil poum ekri mizik, poum ekri feyton, paske tout pasyonm se ekri, yon lè pandan map fredonne yon mizik a minwi , enstrimantal la reveye manmim kitap do-mi, manmim di , oh D komanw fe renmen bat nay konsa, toutan wap ekri ou menm sa, Kounya m di oooh m ka tou forme non atis mwen la ui, map pran premye lèt ki nan nonm lan kise D, épi map mete wenmpi deyèl, livin bay Wenmpi Dawins

Nancy: oh waww non an byen fôme ui, non sa dekri karyè atis ou, anpil ti zanmim toujou konn ap pale de Wenmpi dawins , yo toujou ap veye kilè feyton ap lage, m konn panse se sou télé ui! An se ou ki konn ekri yo

Dawins : oui chérie, m ekri yo m lage yo sou facebook, fans mwen yo apresye yo anpil, se anti-stress yo

Nancy: mwen renmen sa ui D, wap fè yon bèl travay ui, eskew jwenn sipô pou travay sa wap fe

Dawins: non chérie, m poko se ak tout pasyonm map fèl, padkem renmen' sa map fè a, men fanatik yo sipotem ak like yo, yo toujou pataje yo, mwen espère jwenn pi gwo sipo paskem vle mete feyton yo an vidéo

Nancy: waww se Byen sa, pa dekouraje D

Dawins : merci boo, ou poko dim non Nancy , kisaw vlem ba ou kôm rekonpans paskew fè yon gwo bagay pou mwen' ui, ou met kwem wap jwenn travay la , menm vle rekonpansew plis toujou, ou sanble timide, depi talè a map gadew , ou pa janm leve tet ou pouw gadem nan zye non!

Nancy: ouff ouff ouff ouff

Dawins : woyyy saw gen la Nancy, epa souf ou wo, épi kèw ap bat Fô, anmweyy men Nancy tonbe, Nancy, Nancy Nancy, mezanmi m'en Nancy dekonpoze ui...... Aswiv fans yo

Like paj la, pataje istwa a, pouw jwenn #4 la byen rapide,

Mezanmi sak pase Nancy ?

Istwa lanmou  #1Yon sèl  rega stat kèmNancy: Sa fè lontan m santim nan yon solitid depi lè mennaj mwen disparèt, m pa ko...
07/30/2018

Istwa lanmou #1

Yon sèl rega stat kèm

Nancy:

Sa fè lontan m santim nan yon solitid depi lè mennaj mwen disparèt, m pa konn sil anwo sil Anba, selman Bondieu ki konn ki kote naj mwen pase, m poko janm ka jwenn yon nèg ki ka fè kèm bat, m pa janm resanti lanmou pou pèson, jodia fok mwen al fè yon ti chita nan Bar pi ba a poum amizem pandan map tande yon ti mizik, paskem wè chita plede kalkile a vle fini avèm. Bonswa mesye svp ou gen tèl bwason la? Oui wap jwenn ui, pote youn pou mwen svp! Men li ui bèl fi, merci!

Banm chita la menmsim pou kom tande ti mizik ap konsolem, waw tande yon bèl ti mizik kap woule la, li fèm anvi renmen, m santim ta danse, eskem ap janm jwenn yon moun kifè kèm bat menmjan ak naj mwen an ki disparèt la, se sèl nonm sa kite vibre kèm ui.

Dawins

Slt bèl timoun,

Nancy: slt mesye

Dawins: mesye svp vann mwen yon bwason!

Nancy: waw gade yon rega mesye sa banm pandanl dim yon bèl ti slt, waww ala vwa mesye a dous, yon sèl ti slt li dim sèlman, m anvi tande detwa pawôl nan bouch li toujou ui, wawww epa se poukont li lal chita byen lwen, pou janm santim sèl la li ta chita pi prem, banm fè yon ti gadel nan zye, wawww gade kijan mesye a timid gadem, ou kwè se timid li ta timid vre, oubyen se jèndjan li twô jèn djan, wawww mesye a fè tout sanm mâche ui, se premye fwa ui m santim konsa, mesye sa genlè pa senp non, ou kwè gen fi ki konn santi yo konsa, yon sèl rega yon nèg banm kèm gentan ap bat fô konsa, woww men lap gadem, banm fè enteresant poul ka rive sou mwen', waww gade ti zye mesye a, gade ti bouch li, koup sa fèl byen anpil ui, wouuchh gade koman mesye ap gadem, wawwww m santim ta al chita kotel la, m pa vlel dim two sou sa, kisam ta fè poum tande dyalôg mesye sa, se pa fôt mwen , se kèm kap bat pou nonm lan pou yon senp rega!

Dawins : kounyam fin bwè banm al repozem, paske depim maten map travay , m santim fatigue, mesye men kôb bwè a, bèl ti pitit m kitew ui, bayyy!

Nancy : oh waww sa selman mesye a dim, m panse se kotem lap vin chita ui, mesye a fè zyem twoub ui , ou kwè lanmou pata voye mesye sa soù wout mwen, m santim ta tande vwal nèt ale ui, yon ti slt, ak yon ti bayyy fèm santi se vwa nonm sa m ta tande 'nan zôrèy mwen' selman ui, mesye a santi bon anpil ui, banm al chita kotel te chita a poum ka santi se komsi se li kite chita ap pale avèm!

Woyyy men mesye a bliye telefôn li, ou kwèl pata sone tlf lan!......... Aswivvvvv

Si nou enterese konn res ti istwa lanmou sa, fèm konn sa anba post la, like pataje, eske ti istwa sa sa sans nou?

Waww lanmou

06/10/2018

Bonjour fans yo

Bon dimanche

Pa bliye like paj la, pouw pa janm rate youn nan epizôd yo, envite zanmiw vin like paj la pa pran tout leson yo poukont ou

Address

Boston, MA
02136

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Feyton Ayiti posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share