OKAP FUN �Espas Komedi & Divètisman nan Okap��

1e Me – Fèt Travay ak Agrikilti 🇭🇹Ayiti se yon peyi ki gen anpil richès natirèl ak tè ki kapab pwodwi.Nan 18yèm syèk la,...
01/05/2026

1e Me – Fèt Travay ak Agrikilti 🇭🇹

Ayiti se yon peyi ki gen anpil richès natirèl ak tè ki kapab pwodwi.

Nan 18yèm syèk la, lè peyi a te rele Sen Domeng, li te konsidere kòm youn nan koloni ki te pi rich nan mond lan. Li te yon gwo pwodiktè kann, kafe, kakao, koton ak endigo. Nan epòk sa a, Sen Domeng te yon gwo sous richès pou Lafrans gras ak pwodiksyon agrikòl la.

Sa vle di tè Ayiti toujou gen kapasite pou bay anpil manje. Men genyen anpil mank vizyon, move jesyon, absans envestisman serye, feblès enfrastrikti ak neglijans sektè agrikòl la pandan plizyè deseni.

Jounen jodi a, peyi a depann anpil sou enpòtasyon, pandan anpil tè rete san eksplwatasyon oswa ti peyizan kap goumen pwodwi yo pa jwenn sipò nesesè pou ta rive bay tout peyi a manje. Jodia si lòt pwodwi pa voye je gade nou, nou pa kapab nouri tèt nou.

Nan okazyon 1e Me, nou dwe sonje yon verite senp : okenn peyi pa ka devlope san pwodiksyon.

Lè nou envesti nan agrikilti:
Nou kreye travay.
Nou ranfòse sekirite alimantè.
Nou soutni ekonomi nasyonal la.
Nou diminye depandans nou.

Ayiti bezwen lidèchip, planifikasyon, bon enfrastrikti ak moun konpetan nan plas yo pou relanse pwodiksyon nasyonal la.

Travay se diyite.
Pwodui lokal se fòs nou.
Agrikilti se avni nou.

18/04/2026

Jodia 18 Avril 2026 la, se jou Ariana ap antre Okap depi li te fin chanpyon nan House Of Challenge nan peyi Togo.

Pase pa Sen Domen pou Dajabòn pou pase Wanament pou l antre Okap jèn tiktokèz la jwenn tout peyi a kanpe avèl

Ebyen men kijan moun Okap yo ap tann Ariana tankou lè Jezi tap antre Jerizalèm.

Ou chita lakay ou… 🛋️Telefòn nan nan men w… wap scroll san sans…figi w fennen, ou santi w fatige… 😩Ou di:“Nan vil la… pa...
15/04/2026

Ou chita lakay ou… 🛋️
Telefòn nan nan men w… wap scroll san sans…
figi w fennen, ou santi w fatige… 😩

Ou di:
“Nan vil la… pa gen anyen kap pase…”

📱 Ping !
Yon mesaj antre. Se zanmi w.

Li voye yon flyer…
👉 Candlelight Dinner 🕯️✨

Ou rete… ou gade l…
Ou zoom… 👀

Yon ti souri kòmanse parèt sou figi w 🙂
Ou di:
“Hmm… sa sanble nòmal…”

Nan kèk segond… vibe la chanje 🔥
Ou leve briskman 🕺

Ou di:
“Non non non… m pa ka rate sa!”

Ou kouri al devan glas 🪞
Ou kòmanse gade rad 👕👖
Ou chwazi… ou eseye… ou chanje ankò 😄

Ou pran penyen 💇‍♂️
Ou mete pafen 🧴✨
Ou vin totalman transfòme 😎

📱 Ou rele:
“Baby 😍, prepare w!
Nou gen yon dinner pou nou ale… e se pa nenpòt ki dinner!”

Ou pran kle w 🔑
Ou gade tèt ou ankò nan glas la…

Ou souri…
Ou di:
“Aswè a… ap gen bagay 🔥”

19/02/2026

Adresse

Ville Du Cap-Haitien

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque OKAP FUN publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager