Haitian Full Gospel

Haitian Full Gospel Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Haitian Full Gospel, Lieu de spectacles et de tenue d’évènements, Ville de Port-au-Prince.

Rendez-vous prophétique Du 3 au 5 Janvier 2024
03/01/2024

Rendez-vous prophétique
Du 3 au 5 Janvier 2024

24/07/2023

Pandan wap di nou Joyeux Anniversaire !!!!!

24 Juillet 2014- 24 Juillet 2023

8è Am wap jwenn yon bèl mizik sou tout platfòm nou yo !!!

24/07/2021
24/08/2020
24/08/2020

Jonathan Jules
li soti nan yon fanmi 4 pitit li se sèl gason
2 gran sè yon ti sè,lap viv sans manman
Li fini etude classique li deja
jodia 24 août lan fèl 22 lane.

Jonathan se yon atis nan mond evanjelik la ki kwè nan talan Bondye ba li avan tou e ki prè pu sèvi Wayòm Bondye a travè talan sa.
Pakou Jonathan komanse nan Holy Choir Gospel ki te gen kom
Maestro Isidor Jean Renaud se te premye koral li te frekante
Li chante nan Gospel Power Up
Li chante nan Gospel Ishama
Li se yonn nan lead vokal ki chante sou mizik mèsi Ishama Gospel lan.
Et chantè Group CANTICUM.

Pou Jonathan mizik se la vie
Atis ki ret yon modèl pou Jonathan pa lot ke
Darrel Walls
Et rev li se chante ak Darrel sou menm stage.

Konsèy Jonathan pou chak grenn atis nan monde evanjelik lan
«Toujou ret konekte ak Yeshua paske satan jalou de nou paske nou pran plas li epi mete tèt nou ansanm pun ofri yon adorasyon san parèy ak Bondye paskel merite l»

Tt chanjman Jonathan swete nan Monde évangélique lan
«Ipokrizi,paskem wè gen tròp ti afè pa paske se nan inite nou ka pran dimansyon depi nou menm Kretyen nu pran dimansyon lap reflete sou Peyi nou ki se Ayiti»

Gospel Ishama
One God One Dream.

Tt saw pat konnen et ou ta dwe konnenDe Ishama Gospel
24/06/2020

Tt saw pat konnen et ou ta dwe konnen
De Ishama Gospel

Bonswa tout zanmi ak tout Fàn Ribrik konnen valèm pouw apresyem.
Jodia nou pral palew de Ishama Gospel.

Chorale Gospel Ishama pran nesans yon 24 Jiyè nan lane 2015 avèk mayestwo Gregory Faustin.
Ishama Gospel se yon Koral inter Eglise ,
Yon koral Ayisyèn kap fonksyone nan komin kafou, nan L'Église Chrétienne Source de Bénédiction,Anba kouvèti pastè Firmin Louis.

Aprè kèk tan Koral Ishama Gospel te vin genyen maestro Aris Stanley Shegger
Ki vin kontinye lit lan ak maestro Gregory.

Konsa Ishama vin Gen plizyè lòt maestro avek yo ,tankou:
Maestro Schneider HD (Batè)
Maestro Dolson (Basis)
Maestro Moïse(Pianis)

Ishama vle Di ««MAJESTÉ BENI»»
Lè ou pale de Majeste ou fè referans ak grad yon prince
Sa vle Di nou Gen yo gen yon wa sou tèt yo ki se ««BONDYE»».

Yo pa Beni paske yo rele Ishama men yo Beni paske yo se prens ak prennsès nan wayòm nan.

Ishama Gospel fè plizyè pakou deja nan province et kèk vil nan Peyi Ayiti.
Nap site kèk kote Ishama jwe deja tankou:Port de paix,Hinche ,Grand Goave,Delmas ,Petion ville,Bon Repos
ect...

Ishama jwenn difikiltè menm jan ak anpil lòt gwoup nan sektè Evanjelik lan,
Men yo vin konprann ,Gen pwoblèm ki pa vini pou detuiw men yo vini pou konstuiw.
Yo vin konprann pou rive nan somè an fok yo monte yon echèl men nan echèl lan Gen bawo fok ou monte yo pouw kapab rive vrèman kotew reve an,problèm yo se yon etap nan lavi an.

Kek ti problèm Ishama Gospel te Konn jwenn ,yo Konn Gen volonte pou yo sòti yon mizik ak tout videyo, men mwayen konn pa pèmet yo. Yo konn anvi antre nan studio men mwayen pa pèmet yo.

Kèk fwa pou reyalize pwogram yo,se nan prete yo konn ye,kèk fwa se afè yo ,yo konn bay kenbe pou yo pou arive prete yo mòso lajan.

Te Gen plis desepsyon ke resepsyon nan wout la.
Men se te nan klas Kris lan yo te ye
Yo te just ap aprann.

Ak gras Bondye Ishaama Gospel vin sa yo komanse ye jodi an ,se pa ak okenn favè Lòm men favè Dieu.

Si ou we Ishama nan wout lan se pa ak fòs moun men se ak fòs Bondye.

Ishama Gospel gen 3 mizik :
À Golgotha,Se lik te fèl ak yon mizik yo fenk sòti e gras ak mizik sila gen anpil moun kap aprann rekonèt yo .

Ishama gen yon pwojè sou pye ki se sòti yon mizik ak tout vidéo nan moman anivèse kap 24 Jiyè ane sa.

Yap priye ,repete epi travay pi di pou yo rive kote Bondye ap voye yo a.

Premye Koral Ishama pran pou Modèl li, se Koral ««Tye Tribbett»» lanHoly Praise Gospel, Power Up Gospel.

Ishama Gospel ta renmen chante ak
««Tye Tribbett»» yon ameriken,epi ak ayisyen sila yo:Osvald Aris,Smicer (Grace Acapela),Aly B,Isidor Jn Renaud,Laneaud Jn Obed,Dieumet Maurice ( Apocalypse Time)

Yon ti Konsèy koral Ishama Gospel pou tout gwoup ak jèn atis kretyen yo,Media yo et ak pastè yo nan peyi Atiti se:
sispann prezante tet nou san Jezi,
Ann sispann prezante talan nou ak kapasite nou san Jezi,Ann goumen pito poun prezante levanjil Kris lan.
Paske nou tap pi lwen si se te Bondye nou te prezante ak moun ki swaf yo.
Paske nou Gen yon pep ki swaf.
Nou gen yon pep kap tann nou.

Expérience yo ak temwanyaj yo Anpil
Men Ishama Gospel deside pataje temwanyaj sa ak nou:
Te Gen yon pwofèt ki te nan legliz kot Ishama te ye ki se "lampe libre" te di yo nan mwa septanm nan lane 2016, desanb pap rive pou yo pa fou ap manje fatra nan tout lari,Men anba favè Bondye sal te di pwononse pat atenn yo.

Men nan novanm 2017 yo te envitel nan yon semèn revèy ke Ishama tap fè .
Pandan li ap preche nan aktivite an li Di Ishama Gen poul fè patou nan mond lan ak levanjil ki nanmenl lan.

Sa vle di plan lòm trase pou ou poul madichonnenw BonDye ak change sa e se menm moun ki te la pou madichonnenw lan Bondye ap itilize poul rann ou beni .

Si Gen yon bagay Ishama ap goumen pou li chanje nan sektè evanjelik lan yo kwè ke yap chanjel epi komanse chanjel ,se sispann wè jèn kom pechè, sispann gade jèn sou aparans,Paske pawòl lan di nan dènye tan an,Jèn yo gen pou yap profetize,pou yap pale nan lòt lang, yo ap chase demon ect...
Se pou mond lan konsyan ke se moman Ishama ki rive, se moman Jèn yo ki rive.

Siw bezwen suiv Ishama Gospel wap jwenn li sou Youtube sou nom Ishama Gospel epi facebook Choral Gospel Ishama epi sou Instagram Ishamagospel.

Se te avèk nou Kervelyne Ledoux Kervie pou ribrik nou an .

Rete branche pou yon lòt seyans ak yon lòt atis oubyen gwoup evanjelik.

23/06/2020
31/05/2020

Mèsi

03/05/2020

Adresse

Ville De Port-au-Prince

Téléphone

36267367

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Haitian Full Gospel publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager