26/10/2023
M anvi fè Miz sou jwè sa a!
Kiyès li ye?
Jwè a Rele Fermín López Marín, li fèt 11 Mai 2003 nan yon Komin nan Peyi Espay ki rele El Campillo.
Jwè a gen 20 tan, nan laj adolesan li jwè a pase plizyè Club ou Sant fòmasyon e se ant 2016 a 2022 jwè a fè klas li nan Barcelone (Masia), li te menm jwe yon match ak ekip B Barcelone nan ki nan Segunda División B ou ka di Division 3.
Nan sezon 2022-2023 Barcelone prete jwè a nan yon Club Divison 3 ki rele Linares Deportivo kote li te jwe 40 match e li te make 12 gòl kòm milye tèren ofansif.
Pou sezon sa a 2023-2024, Barcelone pran jwè a e jwè a fè preparasyon sezon an, li ta pral konvenk Xavi nan yon match amikal fas Real Madrid 29 jiyè 2023, li te antre nan plas Pedri nan 66è minit match la, nan 85è minit Fermin ta pral make premye gòl li sou koulè gwo Barça e nan 90 + 1 minit jwè a ta pral pasè pou Ferran Torres.
Pou Kòmansman sezon 2023-2024 jwè a toujou konvoke ak gwo ekip Barça ni nan liga ni nan lig chanpyon an, li deja jwe 7 match: 5 nan liga kote li titilè 2 fwa e 2 nan lig chanpyon an kote li titilè 1 fwa.
Li make 2 gòl pou sezon an 1 nan liga fas Mallorca e 1 nan lig chanpyon an fas SHAKHTAR Kote li te fini meyè jwè match la pou UEFA e pou UEFA li fè pati 11 tip pou 3è jounen fas gwoup lig chanpyon an.
Si anpil moun met aksan sou jèn kòm Lamine Yamal 16 zan, Gavi 19 van, Pedri 20 tan. Avèk kalite mwen wè kay Fermín Lopéz se youn nan jèn k ap monte.
Se yon jwè ki trè kouraje, li batay, disponib e youn nan gwo kalite mwen twouve ki fè fòs li se kapasite li genyen pou l li espas, eksplwate espas, se yon jwè ki tenas, ki pran risk se ansanm kalite ki ka fè l vin yon gwo jwè nan mond football la.
Jwè sa a ap bezwen pou l travay fizik li epi pi efikas devan kan, anpil san fwa.
Li jèn l ap gen pou l pran eksperyans e grandi nan jwèt la.
Si pa malè, pa gen blesi, n ap ban m nouvèl jwè sa a nan 4 a 5 kan ankò.
Mwen fè miz mwen😂