Radyo Dyòl Alèlè

Radyo Dyòl Alèlè Radyo Dyòl Alèlè se sèl kote wap jwenn tout enfòmasyon sou tout sa kap pase an Ayiti kou aletranje.

Nouvèl, Deba, Kilti ak Amizman..Rete branche ak nou sou tout rezo sosyal yo pou'w ka toujou konnen sa kap pase nan mond lan .

11/09/2026

JOUDA KREYOL

10/09/2026

🇺🇸 Prezidan Donald Trump pran lapawòl
kote li abòde plizyè sijè ki konsène
aktyalite Etazini ak politik entènasyonal la .

🎥 Gade deklarasyon Prezidan Trump lan.

.

Klike sou lyen sa pou abòne ak YouTube://www.youtube.com/channel/UC7yt6AGaEGWiu9mSLADOVmA

06/09/2026

🚨 SOS POU LOKALITE DAMASEN:

Depatman Sid Komin Koto / Damasen

Lokalite Damasen ap fè fas ak yon sitiyasyon dlo ki vin trè kritik.

Depi prèske 2 mwa, anpil moun nan zòn nan ap viv san dlo potab, sa ki oblije yo pase anpil peripesi pou jwenn menm yon tigoud dlo pou yo bwè .

Devan sitiyasyon sa a, nou lanse yon apel an ijans ak responsab DINEPA yo, sitou enjenyè Théophil Ostinvil pou pran dispozisyon nesesè san pèdi tan pou pèmèt popilasyon Damasen jwenn ti goud dlo.

💧" Dlo se yon bezwen fondamantal "
" Popilasyon Damasen pa kapab kontinye tann ankò "

Primature de la République d'Haïti fans Dinepa / CTE RMPP Alix Didier Fils-Aimé .

06/09/2026

🇭🇹 Kriz politik an Ayiti |

Selon lidè pati Pitit Dessalines, Moïse Jean-Charles, Nasyonzini ak CARICOM te envite "Parti Pitit Dessalines" ansanm ak plizyè lòt pati politik nan yon chita pale sou yon solisyon pou kriz politik la, yon fason pou kreye kondisyon ki nesesè pou eleksyon kapab fèt nan peyi a.

Daprè sa ansyen senatèa fè konnen youn nan pwopozisyon ki sou tab la se yon gouvènman BISEFAL, kote ap gen yon Prezidan ak yon Premye Minis pou yon manda limite a yon ane, avèk objektif pou retabli sekirite ak kreye yon anviwònman ki favorab pou òganizasyon eleksyon nan peyia

Lidè Pitit Dessalines lan deklare tou ke Pitit Dessalines ak lòt pati politik yo pa ta prale nan eleksyon avèk Alix Didier Fils-Aimé daprè pozisyon li prezante a.

Pwopozisyon sa a vini nan yon moman kote kesyon sekirite, tranzisyon politik ak òganizasyon eleksyon yo rete pami pi gwo defi pou gouvenman tranzisyon an .

Foto ilistrasyon AI

CEP HAITI Organización de los Estados Americanos (OEA) CARICOM: Caribbean Community

06/09/2026

🇭🇹 Politik | Fritz Carlos Lebon potansyèl kandida osena

Non ansyen senatè Lavalas Fritz Carlos Lebon ap site kòm yon potansyèl kandida pou pòs senatè depatman Sid nan kad pwochèn elektoral kap genyen pou òganize nan peyia .

Dirección

Chilie
Punta Arenas
H68

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Radyo Dyòl Alèlè publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Atajos

Compartir