Festival International de la Musique au Feminin

Festival International de la Musique au Feminin se veut la force motrice pour la Préservation, la
Valorisation et la Promotion du patrimoine de la musique féminine.

04/18/2026
https://x.com/FestMacca18
08/30/2025

https://x.com/FestMacca18

Festival Mondial des Arts et du Cinéma Caribéen, se veut être une nouvelle plate-forme œuvrant dans le domaine des arts et de la culture du septième-art.

09/25/2024

Best speech ... Merci Michael ..

09/25/2024
N AP BOUSKE LAVI...Sou direksyon gran fre nou Raynald Delerme Foto kredi: Ronald Sylvera Osias Ronald Osias FotoPlezi509...
08/19/2024

N AP BOUSKE LAVI...
Sou direksyon gran fre nou Raynald Delerme
Foto kredi: Ronald Sylvera Osias Ronald Osias FotoPlezi509 k ap suiv enpòtan Chenet Nerette - Power102.Net Junior Plesius Louis

Lonè, respè lasosyete ! listwa se tanbou verite ...!Jodia mwen vinn mande nou padon pou n sispann gaspiye Moun ki gen po...
08/19/2024

Lonè, respè lasosyete ! listwa se tanbou verite ...!
Jodia mwen vinn mande nou padon pou n sispann gaspiye Moun ki gen potansyelite ak kapasite epi kap goumen pou yo te ka itil sosyete nou an ki dechire an miyèt moso… Menm si nou se fanatik oubyen nan klan yon lot Moun … pa yon rezon pou nou vle disparèt tout lot Moun ki pa fè menm chwa avèk nou … mantalite sa jis yon mantalite malfektè ki kenbe sosyete nou an nan nivo zonbifikasyon nou ye jouk jounen jodia aprè lendepandans …
Mwen pa konnen ZEN an, kisa ki lakoz ? … Men nan nom pa mwen, Ronald Sylvera Osias mwen ka garanti nou titan mwen te pase bo kote DG-Yvenert F. Joseph kom Direktè Kominikasyon nan Ministè Jenès ak Espo epi Aksyon Sivik- te montre m ke mwen annafè ak yon moun onèt ki gen anpil mounite lakay li, yon moun ki kwè nan kapasite l ak kapasite lot Moun nan ladwati … yon moun ki rezilyan ki pap chache mete dife pou klan … donk mwen konn DG Yvenert avan tout tole kelkeswa Gwoup Medya Karayib, Gwoup Medya Pasifik pou rive nan Gwoup Medya pa l ki se RSF ak TSF…
Mwen pataje foto sa yo ki nan achiv pèsonèl mwen, se jis pou m fè lepwen ak yon repons DG Yvenert bay yon moun sou rezo fb la pou m ka jistifye pou sosyete a, ke DG Yvenert pa nan bay manti, tout sa l di yo se verite, jou kanaval sa, kom konpatriyot Gwoup Radio ak Televizyon Karayib mwen te gen privilej sou estann sa a, epi kom nou ka wel nom moun DG-Yvenert site yo te la efektivman RoRo Nelson ak lot repotè kanaval epi Yvenert te prezan … eske antenn nan te koupe pandan entevansyon Yvenert a … mwen pa konnen puiske m pat nan kodinasyon teknik yo …
Donk avan nou chwazi voye monte sou do yon sitwayen ayisyen ke nou pa konnen fondas kesyon ki ka rann li gen yon konpotman biza, fok nou chache konnen kiyès moun sa te ye ?, kiyès li ye ? oubyen kiyès li pwochte pou l ye ?
DG Yvenert se yon PAPA anmenm tan yon Manman pou dezyem pitit fi l, ke li te chwazi desann avek li an Ayiti tou BeBe … apre separasyon l ak Madanm nan Kanada, kote pigran fi li a te rete ak Manman l …
DG Yvenert komanse nan zafè medya an Ayiti anteka espesyalis nan kominikasyon nan Radyo Mega-Star avan 2004 yo ...
kom Manm pati politik OPL epi zanmi ak FanFan ki ta pral nome Sekretè Deta nan tet Sekretarya Deta Jenès ak Espo epi Aksyon Sivik an Ayiti, nan gouvennman Premye Minis Gerard Latortue 2004 ebyen DG Yvenert pral nome Direktè Kominikasyon Sekretarya Deta a ki te vinn Ministè Jenès ak Espo epi Aksyon Sivik … Epi se konsa, nan menm period la Mwen ta pral gen chans rankontre DG-Yvenert sou referans Rousseau Otarice pou yon antrevyou pou pos Responsab Seksyon Odyovizyel Ministè a … malgre mwen pat gen twop reyalizasyon pèsonèl ... DG-Yvenert te santi kapasite kreyativite m pou sektè a ... li pat ezite pou n te fè ansanm kaptasyon repotaj Vakans Dete Entènasyonal Jenn yo nan Sant Kwadèboukè, kote chak ane sou lobidyans minister a, Ayiti te konn resevwa lot jenn nan lot peyi pou vinn pataje ekspeyans, kilti yo ak jenn ayisyen pa nou yo kite soti nan tout depatman yo. Ebyen se konsa, Mwen te vinn Responsab Seksyon Pwodiksyon Odyovizyel Ministè a …
Pou premye nan listwa ministè a, DG-Yvenert te kreye yon jounal pou ministè ki te distribiye nan tout sant ak direksyon depatemantal ministè a… DG Yvenert te gentan pran inisyativ a travè yon emetè atizanal pou kreye 2 chenn televizyon pou ministè a… kote youn ta pral sèvi sektè espotif la … epi youn pou tout aktivite jenès ak kilti … nou te komanse alimante chenn televizyon sa yo ak pwodiksyon m te komanse fè nan kad travay mwen … DG-Yvenert te mete m te lib pou m te chwazi yon redaktè, puiske DG Yvenert te vle Jounal Ministè solid nan sa lap pwodwi epi gen yon vwa sou repotaj videyo chak aktivite ministè a, konsa mwen te fè chwa Marvin Victor ki te jenn redaktè nan Jounal Lenouvelliste nan epok sa a…
Malerezman, chok lanmo Sekretè Deta FanFan nan Etazini, apre yon aksidan pral tèlman boulvèse DG Yvenert li pral pèdi tout foug ak anvi li te genyen pou kreye epi fè mache selil kominikasyon ministè a … anplis diferan chanjman ki pral fèt nan tèt ministè a aprè FanFan yo, kote nan yon premye tan nou pral gen nominasyon Dr. Paul Berne, Sekrete Deta epi answit Ing. Gabriel Belizaire, Minis ki te soti dirèkman nan espas politik Lavalas …
Ebyen se konsa DG-Yvenert pral abandone pos li kom Direktè Kominikasyon pou rejwen ekip Radyo Karayib la, ki te apenn ap demare timidman ak branch televizyon an, konsa DG Yvenert pral ranfose ak kolèg li Caleb Desrameaux emisyon ^^Matin Caraibes^^ sou Radyo a. Epi vizyon l ak kapasite l ak lidèchip antreprenarya l pral pemèt PDG Patrick Moussignac asepte l kom DG-Adjoint l apre Bregard Anderson … déjà pou mwen se Pos sa ki pral kreye anpil jalou nan mitan lot moun ki te la déjà, ki tap sèvi PDG-Moussignac … ? pou mwen se la gen moun ki komanse kreye zizani ale mennen vini pou alimante divizyon yo … ? donk DG-Yvnert ki pa gen yon mantalite esklav ? oubyen tisousou ? ki pran chok lanmo Jean-Mari a ? ki konnen nan ki kondisyon kolèg la tap viv ? epi tretman li te jwen nan ekip sa a, ?
tout sa yo pral soulve endinyasyon DG-Yvenert ki pral deside pou eklate yon abse ak ipokrizi ki egziste nan mitan Gwoup Medya sa a … men kote batay la komanse, epi tigwoup ki tap alimante tripotay yo tou foure pye yo pifon pou separasyon yo fèt pi vit… ?
An menm tan, DG Yvenert te lanse ak patenè epi zanmitay li yo Bregard Anderson ak Rousseau Otarice youn nan meyè lekol kominikasyon nan zafè jounalis an Ayiti … kote m te gen chans anseye pratik odyovizyel deyè ak devan kamera pou youn nan pwomosyon lekol sa a …
Tout aktivite sa yo soti nan peryod 2004 pou rive 2010 avan katastrof Tranbleman Tè 12 janvye 2010 la ki te ravaje potoprens ak anpil moun …(chapit 1) dixit Ronald Sylvera Osias.

Address

11990, Avenue La Pierre
Montreal, QC
H1G3R9

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Festival International de la Musique au Feminin posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Festival International de la Musique au Feminin:

Share

Category