Moleghaf

Moleghaf Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Moleghaf, Évènement, fort-national, Port-au-Prince.

Lizay lafanmi MOLEGHAF !!!Toujou nan lide solidarite aktif ant pèp Ayisyen ak tout lòt pèp y ap oprime, reprime, eksplwa...
17/01/2026

Lizay lafanmi MOLEGHAF !!!

Toujou nan lide solidarite aktif ant pèp Ayisyen ak tout lòt pèp y ap oprime, reprime, eksplwate sou latè, ayè vandredi 15 janvye 2026 la, Moleghaf nan tèt kole ak plizyè lòt òganizasyon pwogresis revolisyonè nan peyi Ayiti te mete yo ansanm pou al kontinye fè solidarite ak 32 kanmarad Vanyan Kiben ki te asasine nan envazyon enperyalis etazinyen te òganize kont Prezidan Nicolas Maduro ak Madanm li Celia Flores jou ki te 3 janvye 2026 la, nan peyi Venezyela, dèyè do tout nòm, san respè pou dwa entènasyonal la.

Moleghaf ak ansanmn òganizasyon pwogresis, revolisyonè sa yo te pote solidarite yo san rezèv bay nouvo Anbasadè Kiben an nan Peyi Ayiti, Kamarad Ricardo Gracia Napolès, nan okazyon kote pèp Kiben an marande ak pouvwa revolisyonè Kiben an t ap travèse nan peyi Kiba, presizeman nan vil Lavàn ak Kadav 32 vanyan Kiben fòs anvayisè etazinyen anba lòd Donald Trump te masakre 3 janvye 2026 la.

MOLEGHAF ansanm ak òganizasyon sa yo te prezan nan anbasad Kiba nan menm moman fineray Kamarad yo tap fèt nan peyi Kiba pou te onore memwa yo kòm vanyan sòlda ki travèse nan envazyon sila pandan yo te nan egzèsis fonksyon militè yo.

Òganizasyon progresis, revolisyonè an Ayiti yo te toujou solidè ak Kiba
Se pa yon pwosesis ki kòmanse jodi a, si n ap sonje José Marti ak Antenor Firmin.
José Marti mouri ak yon liv Firmin sou li.
Te toujou genyen bonjan relasyon ant de pèp vanyan sa yo, san n pa menm bezwen rive nan peryòd aborijèn yo, nan lane 1493 pou n ta pale de Atchwey.
Nou fè ti rale sa pou n montre nou gen obligasyon pou n rete soude ak Kiba tankou senk dwèt nan yon men.
Se youn nan fason n ap kase kase ren sistèm pi gwo kap kraze pi piti a.

32 Kiben yo pa mouri
Yo travèse
Moun k ap batay pa mouri !!!

Moleghaf voye fòs !!!
Moleghaf voye enèji !!!
Pou fanmi viktim yo !!!
Pou pèp Kiben an !!!
Pou gouvènman progresis Kiben an !!

Moleghaf egzije liberasyon san kondisyon Prezidan Nicolas Maduro ak tout Madanm li Celia Flores.

Moleghaf di: tout pèp gen dwa ak otodetèmisasyon !!!

Viv libète byennèt pou tout pèp!!!

Mouvement de Liberté d’Égalité pour  la Fraternité des Haïtiens (MOLEGHAF)moleghaf17@yahoo.fr43, Ruelle Estimé, Fort Nat...
04/01/2026

Mouvement de Liberté d’Égalité pour la Fraternité des Haïtiens
(MOLEGHAF)
[email protected]
43, Ruelle Estimé, Fort National
+55 21 99236-3118 / 3410-1319 / 4853-0423

Dimanche 4 Janvier 2026

Note contre l’attaque des États-Unis contre le peuple vénézuélien

Le Mouvement de Lutte dans les Quartiers, Villages et Favelas (MLB) nous a appris que le capitalisme se nourrit de la souffrance des peuples appauvris !, au Sud comme au Nord. Il nous a appris à lutter contre l’injustice et à pratiquer une solidarité active avec tous les peuples opprimés du monde.

Nous posons une question simple :
si quelqu’un entrait chez vous par la force, utilisait la répression, pillait vos biens et vous arrêtait au nom de sa loi, diriez-vous que c’est juste ? C’est exactement ce que subit aujourd’hui le peuple vénézuélien.

Le Venezuela est attaqué par les États-Unis, puissance impérialiste, avec à sa tête Donald Trump, représentant d’une politique fasciste et prédatrice. Cette agression n’a rien à voir avec la démocratie ou les droits humains. Elle a un objectif clair : s’approprier les richesses du pays, en particulier le pétrole, au mépris de la souveraineté nationale et de la vie humaine.

Comme en Palestine et dans d’autres régions du monde, la force militaire est utilisée pour imposer la domination, semer la peur et détruire des peuples entiers.
Les bombes qui tombent sur le Venezuela ne frappent pas les quartiers riches. Elles tombent dans les favelas, là où vivent les pauvres, les travailleurs, les enfants, celles et ceux qui n’ont déjà presque rien.

Nous affirmons clairement :
notre mouvement ne prône pas la guerre.
Nous luttons pour la paix, pour la justice sociale et pour le respect de l’autodétermination des peuples.

Nous dénonçons fermement l’invasion du Venezuela par les États-Unis et toute forme d’ingérence impérialiste en Amérique latine.
Nous défendons une Amérique latine souveraine, libre et indépendante, décidant elle-même de son avenir.

Aujourd’hui, nous élevons nos voix pour dire :
toute notre solidarité avec le peuple vénézuélien.
Assez de guerres, assez de pillages, assez de morts.

Viva Maduro
Viva Venezuela

MOLEGHAF

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite  tout Ayisyen  (MOLEGHAF)  moleghaf17@yahoo.fr43, Riyèl Estimé, Fò Nasyonal...
26/10/2025

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite tout Ayisyen (MOLEGHAF)

[email protected]

43, Riyèl Estimé, Fò Nasyonal

+55 21 99236-3118 / 3388-2326 / 4853-0423

Dimanch 26 Oktòb 2025

MOLEGHAF ap denonse ak tout fòs li nouvo agresyon enperyalis Etazini kont Venezwela. Nan tout total endepandans prezidan Nicolas Maduro, nou voye jete byen lwen nan fon labim nenpòt fòm entèvansyon militè, ekomonik, politik enperyalis Etazini nan peyi Venezwela, Kolonbi, Meksik ak nan tout Karayib la.

Prèske tout mond lan konstate deja, Etazini pa sispann mobilize gwo kantite fòs militè li yo pou anvayi Peyi nan Amerik latin, tankou Venezwela, Kolonbi, ak Karayib la, pi mal pase premye gè enperyalis yo nan dat 1914-1918. Men nan moman yo la, vrè sib yo se peyi ki kale youn nan pi gwo revolisyon pandan tout 20em syèk la, ki kontinye ap donnen, rasinen nan venn jenerasyon k ap vini yo, ki se Venezwela. Aprè bonbadman fòs lame Etazini yo te fè sou ti bato ki te gen plizyè venezwelyen ladann lan, prezidan sipremasis blan an, Donald Trump pa t ezite deklare yon deplwaman militè nan Karayib la, kote Washington fè voye anviwon 7 bato lagè nan lide swadizan pou konbat trafik dwòg. Mete sou sa, anpil move anons ta fè kwè genyen operasyon klandesten CIA, sou direksyon Prezidan Drakila Donald Trump nan tè kontinan amerik latin ak Karayib la. Mouche a akonpaye tout desizyon sa yo ak yon flonn sanksyon ekonomik, komesyal sou menm Peyi sa yo. Tout sa yo ap fèt nan lide pou deklanche gwo latwoublay ak vag mouvman pwotestasyon oubyen mobilizasyon nan mitan pèp yo kont Leta sosyalis k ap dirije peyi yo an, san gade tantativ pou sasinen prezidan ak pozisyon lagoch yo. Tout pèp nan peyi sa yo dwe kanpe kont tout dechènman awogan ak pwovokasyon enperyalis Etazini an sou otodetèminasyon ak souvrènte yo kòm nasyon.

An reyalite, agresyon enperyalis ameriken an manifeste pi dirèkteman nan Venezyela. Enperyalis ameriken an fè tout sa ki posib pou destabilize gouvènman Venezyela a. Li sipòte epi òganize fo pwoklamasyon yon fo prezidan, ki pa gen lejitimite klas ouvriyè ak pèp Venezyelyen an, avèk apwobasyon lòt ekstremis dwa ekstrèm nan rejyon an. Chak fwa administrasyon Trump la pran lidèchip Etazini, li ankouraje yon politik enpozisyon agrave pou deklanche yon vrè kriz ekonomik ak sosyal nan peyi a. Apre tout taktik rize yo te itilize pou detwi demokrasi popilè a lè yo te ranplase Maduro ak Juan Guaidó dwa ekstrèm nan, kounye a y ap deplwaye bato de gè nan zòn kotyè Venezyelyen yo, sou pretèks pou konbat trafik dwòg. Pou konprann sitiyasyon pèp Venezyelyen an ap fè fas, nou dwe retounen nan peryòd apre Dezyèm Gè Mondyal la, lè enperyalis ameriken an te mennen vrè lit li kont revolisyon nan Sovyetik la an 1991-92 ak kanpay swadizan lanmò kominis la (sa vle di, ke pa gen okenn altènativ a kapitalis) ke boujwazi a te mennen, avèk sipò refòmis atravè lemond. Se menm sitiyasyon kote enperyalis ameriken an ap konplote pou detwi tout chemen mouvman sosyalis yo te pran nan Amerik Latin nan ak Karayib la. Yo te sipòte ansyen prezidan ekstrèm dwat Bolsonaro kont Prezidan Lula, ak objektif pou fè yon koudeta. Yo te mete Prezidan Gustavo Petro nan yon pozisyon difisil nan plizyè okazyon, yo te atake Prezidan Claudia nan Meksik, e kounye a y ap atake sou tout fron pouvwa politik ki te sòti nan manifestasyon masif pèp Venezyelyen an.

Pozisyon nou nan MOLEGHAF se pou endepandans politik absoli nan tout rejyon Amerik Latin nan ak Karayib la. Yon endepandans politik ki pa kapitule oswa bese tèt devan represyon brital kapitalis la nan Venezyela. MOLEGHAF mande tout mouvman popilè, gochis ak anti-enperyalis pou yo kanpe an solidarite ak pèp Venezyelyen an e kont plan jenosid gouvènman ameriken an. Pèp Amerik Latin nan ak Karayib la dwe kontinye montre solidarite entènasyonal pou ankouraje mouvman reyèl kont entèferans Etazini.

Viv otodetèminasyon ak Souvrènte Pèp Venezwelyen an !
Viv Solidarite ant Pèp Amerik Latin ak Karayib la kont politik enperyalis Etazini an !

David Oxygène, sekretè jeneral MOLEGHAF

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite  tout Ayisyen  (MOLEGHAF)  moleghaf17@yahoo.fr 43, Riyèl Estimé, Fò Nasyona...
09/09/2025

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite tout Ayisyen
(MOLEGHAF)

[email protected]
43, Riyèl Estimé, Fò Nasyonal
+55 21 99236-3118 / 3388-2326 / 4853-0423

Lendi 8 septanm 2025

Non ak agresyon enperyalis kont Venezuela!

Jou ki te 3 sektanm, gouvènman nò ameriken an asasinen 11 moun nan lanmè karayib nan yon atak
nan bato kont Venezuela. N ap repete menm pawòl prezidan N. Maduro a « Venezuela ap
kontinye rete debou, fèm ak lafwa inebranlab nan viktwa. Viv Venezuela! Aba enperyalis
ameriken!»

Moleghaf denonse agresyon Etazini kont yon peyi ki granmoun tèt li epi ki fè listwa nan ameriken
latin nan. Enperyalis ameriken kontinye ap voye bato gè nan espas lanmè Venezuela epi pwomèt
lòt pwovokasyon. San okenn prèv, enperyalis ameriken akise gouvènman bolivaryen "
Nakotrafikan e teworis" yon gwo manti pou jistifye politik gè nan Amerik latin ak karayib. Atake
Venezuela se atake ak tout Ameriken latin lan. Li pa posib pou nou defann souverènte Brasil san
nou pa defann dwa granmoun Venezuela. Lè enperyalis ameriken prepare yon envazyon kont
karakas, li menase non sèlman klas travayè venezelyen men tou tout oprime ki nan rejyon an.
Moleghaf pote tout sipò ak Prezindan Nicolás Maduro epi rete solidè ak politik prezidan Nicolas
Maduro a. Moleghaf denonse ak tout fòs li Tout agresyon enperyalis nan karayib ak amerik latin!
Sèl mobilizasyon popilè, pwogresis ak revolisyonè ki kapab brize pwovokasyon ak atak enperyalis
ameriken an.

Defann Venezuela se defann batay tout pèp oprime yo kont enperyalis la.

Aba agresyon enperyalis kont Venezuela!

David Oxygène, Sekretè Jeneral MOLEGHAF

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite tout Ayisyen (MOLEGHAF)moleghafl7@yahoo.fr43, Riyèl Estimé, Fò Nasyonal+55 ...
24/05/2025

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite tout Ayisyen (MOLEGHAF)
[email protected]

43, Riyèl Estimé, Fò Nasyonal
+55 21 99236-3118 / 3388-2326 / 48 53 0423

Vandredi 23 Me 2025

Yon lavi ki mande yon vrè reprezantasyon politik pèp la. Kontinye lit ou a se pi bon omaj nou.
Kanmarad pwofesè Didier Dominique te youn nan militan ki pi soude ak tout kalte revandikasyon klas travayè nan peyi a. Pandan gen lòt k ap fè wout kwochi pou antre nan tout sot pouvwa politik
sou dominasyon gwo pwisans enperyalis yo, kanmarad Didier te pito chita pou reflechi sou kouman mas yo kapab jwenn yon nouvo Pati Kominis k ap asire yo konfyans pou yon lòt nivo konsyans sosyal. Pòt Pawòl Mouvman Politik Batay Ouvriye a te san fason. Li pa t konn laj pou tanmen bat bouch ak nenpot lòt kanmarad ki kwè nan tranfòmasyon total oprime yo.

Chak Oganizasyon ak Pati politik lagoch te genyen yon istwa byen patikilye ak sendikalis Didier Dominique. Men tou, kanmarad la se te yon fanmi ginen. Yon mouche ki pase tout vi li ap respekte prensip ak regleman nan vodoun. Nan yon peyi kote menm kanmarad militan sosyalis avè w ap kouri dèyè richès zansèt yo, sou baz maksis paka nan kwayans ak relijyon, kanmarad la te mete sou kote, epi menm voye jete tout vye lide ki pa kokòday fondman fomasyon sosyal ayisyen an.
Kanmarad pwofesè Didier Dominique te yon moun avan tout löt kalifikatif ou ta ka bay li.

Mèsi pou sa w reprezante djougan MOUN!

David Oxygène, Sekretè jeneral MOLEGHAF.

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite tout Ayisyen(MOLEGHAF)moleghaf17@yahoo.fr43, Riyèl Estimé, Fò Nasyonal+55 2...
02/05/2025

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite tout Ayisyen
(MOLEGHAF)

[email protected]
43, Riyèl Estimé, Fò Nasyonal
+55 21 99236-3118 / 3388-2326 / 4853-0423

Jedi 1e Me 2025

Premye Me : Yo mete yon pri sou san klas ouvriyè nou an.
Pwoletarya a san defans: ak pwòp mwayen li, li pa ka satisfè bezwen li menm pou yon sèl jou.
Boujwazi a vòlè monopòl tout mwayen egzistans nan sans ki pi laj tèm nan. Sa pwoletarya a
bezwen, li pa ka resevwa li sòti nan Boujwazi sa a, ki monopòl li garanti pa pouvwa leta a.
Nan dwa kòm nan reyalite, pwoletarya a se kidonk esklav boujwazi a, ki gen pouvwa
desizyon sou lavi li ak lanmò li. Kal Maks Ak Engels, sendikalis tòm 1.
Depi anviwon yon (1) lane, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an ak kowalisyon Viv
ANSANM antre nan yon konpetisyon ant yo pou konn kiyès k ap fin devore mas Travayè yo.

Konpetisyon sa se ekspresyon ki pi konplè boujwa yo te ka bay nan yon konteks parèy, lè nou
konnen, tout tray ak tribilasyon yo fè Travayè yo pase nan peyi a. Konpetisyon sa se veritab
mannyè patwon Izin Faktori ak Antrepriz isit kapab eksprime yo nan kreye lagè kont moun ki fèt
pou lavi, pou ekzistans, pou tout bagay mache byen, k ap mete fas ak fas tout kontradiksyon ki sòti
pou chire nan plizyè moso klas Travayè a nan peyi a.
Nan koumansman konpetisyon sa yo, nou te gentan wè kouman dewoulman an pwale. Aprè pil
presyon, revokasyon san dedomajman, nou te gentan konnen pwal gen plis mizè, chomaj, tout
kalte depresyon t ap gen pou anvayi klas travayè a. Lè nou gade kouman Ouvriye ak Travayè sa
yo, patwon fin redui nèt tankou nenpòt machandiz ki pa gen yon pri estab, nanpwen rezon pou n te
kwè t ap gen yon mirak k ap sòti nan syèl la pou chanje kalte vye sitiyasyon y ap fè fas la. Kote w
jwenn Ouvriye ak Travayè sa yo ap refijye nan Kan aprè gang fin mete yo dèyò. Y ap viv ak
maladi Kowona Viris, Sifilis, Tifoyid, enfeksyon nan pati entim yo. Kote w jwenn Ouvriye ak
Travayè sa yo ap benyen nan bokit ak 3, louvri moso Prela kole nan miray pou lapli pa dòmi sou
kò yo. Kouman yon moun fè pase 18 lane ap vann kouraj li nan yon faktori ka rive twouve l nan
yon sitiyasyon pou menm laswenyay piblik li paka jwenn?
Dinamik sa pa nouvo. Pa gen okenn gouvènman avan yo ki te chwazi ogmante salè ouvriye ak
travayè yo, pandan pri pwodui lamanjay, kay, san konte abiman, ap vin pi chè. Pandanstan,
kowalisyon Viv ANSANM ap chache finansman nan men patwon yo salè ki te dwe bay ouvriye ak
travayè yo.

Si boujwazi a ka debarase li de tout richès sa a lè li sakrifye yon ti pati nan mas pwofi
ekstraòdinè li fè depi plis pase 30 lane, nou dwe konprann byen klè ke konpetisyon ant bandi ak
Leta a se jwet pa yo. Sa vle di olye pou yo peye yon salè ki pi wo, yo deside kolabore ak gang
anndan pouvwa politik KPT a ak Viv ANSANM ki ka pi byen garanti nouvo modèl esklavaj yo
bezwen an. André Apeid revoke plis pase 30,000.00 ouvriye, san okenn akonpayman sosyal ak
dedomajman. Plizyè lòt Izin Faktori rive fèmen, tankou nan Kwadèboukè, pèsòn pa konn kisa
ouvriye sa yo devni nan lavi. Poutan, nan a katye Izin sa yo ye yo, twoup teworis pouse tankou
gwo grenn pikan. Mete sou yon (1) lane Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an k ap asiste
menm jan ak Mas yo, bandi k ap anvayi teritwa yo, enpoze yo move mòd lavi.
Anplis pou mete yon bout ak nòt sila, MOLEGHAF ap pwofite voye fòs ak kouray bay tout
Travayè latè nan Latibonit, sitou Ti Rivyè, k ap pase move moman anba grif gwoup teworis
kriminèl Gran Grif yo.

MOLEGHAF pwofite okazyon an tou pou l mande tout konpatriyòt yo ak
tout lòt travayè (èz) pou yo solidarize ak viktim yo nan nivo yo kapab, nou bezwen sa nan enpas
nou ye a. Nan lavèy jounen entènasyonal lit Travayè yo, pèsòn pa t ap renmen ap gade nan ki nivo
Frè ak Sè nou ap franchi dlo pou janbe lòt kote.

Ayiti dwe kanpe!
Ayiti dwe libere anba dominasyon sa !
Viv lit Pèp Ayisyen an!
Viktim kore Viktim !
David Oxygène, Sekretè jeneral MOLEGHA

Vandredi 4 avril 2025, Pòtoprens Ayiti.Si chak segonn nan lavi nou dwe repete yon kantite enfini fwa, n ap  kole nan etè...
04/04/2025

Vandredi 4 avril 2025, Pòtoprens Ayiti.

Si chak segonn nan lavi nou dwe repete yon kantite enfini fwa, n ap kole nan etènite tankou Jezi Kris sou kwa a. Ide sa a se yon bagay ki tèrib. Nan mond retou etènèl la, chak jès pote pwa yon responsablite ki pa ka soutni. Milan Kundera, l’insoutenable légèreté de l’être

Nan dat 31 mas 2025, yon gwo pye mapou tonbe. Yon gadyen dwa moun. Yon avoka wòdpòte. Yon kanmarad nou. Yon kanmarad ki te toujou la pou MOLEGHAF.

Depi 2009, Mèt Mario Joseph pa t janm sispann manifeste volonte li pou rete kanpe djougan ak MOLEGHAF. Nou p ap janm bliye kouman tout avoka nan Bureau des Avocats Internationaux (BAI) sou demann kanmarad la te mete yo dispoze ak disponib pou travay sou liberasyon sekretè jeneral la David Oxygène. Akonpayman Bureau des Avocats Internationaux (BAI) ak kanmarad nou Domini Resain aprè esnaypè Aryèl Anri te vize fizye l pandan li te chita anlè lakay li. Nan batay viktim kolera, pou rive sou dosye fanmi viktim masak ak maltretans fizik k ap viv jounen jodia nan kan aprè Bandi Viv Ansanm te fin pouse yo, mete yo deyò lakay yo. San konte, fòmasyon Lekòl Boukman ak konferans deba nou konn abityèlman reyalize nan biwo a. Pou n site sa yo sèlman.

Kanmarad Mèt Mario Joseph te konprann kesyon dwa moun nan paka yon koze selektif. Li pa t wè Biwo a nan yon linèt privatizasyon. Chak jou ki te konn pase, li t ap gade kouman vanse ak kesyon dwa moun nan lit li t ap mennen yo. Se sa ki fè, li te fèmen je l nan mache tèt kole ak MOLEGHAF. Jan anpil lòt kanmarad renmen di l, BAI se te zafè pa MOLEGHAF, afòs Mèt Mario Joseph te toujou kanpe djanm ak nou.

Tout kanmarad MOLEGHAF wete chapo pou salouwe deplasman w. Pandan n ap pwofite swete fanmi w ak lòt zanmi pwòch ou yo Kondoleyans epi anpil kouraj.

David Oxygène, Sekretè jeneral MOLEGHAF

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite tout Ayisyen(MOLEGHAF)moleghaf17@yahoo.fr43, Riyèl Estimé, Fò Nasyonal+55 2...
07/03/2025

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite tout Ayisyen
(MOLEGHAF)

[email protected]
43, Riyèl Estimé, Fò Nasyonal
+55 21 99236-3118 / 3388-2326 / 4853-0423

Toupatou sou latè gè yo p ap sispann ak mòd dominasyon sistèm kapitalis la*

Gè a pa sispann pwosesis transfòmasyon demokrasi yo an diktati reyaksyonè, men okontrè, li mennen pwosesis sa a nan fen li devan je nou.
Nan chak peyi sou sèn mondyal la, kote lagè a imedyatman se veritab zouti k ap ranfose gwoup ak enstitisyon ki pi reyaksyonè yo, pèsòn pa ka atann okenn van antant pou tabli lapè ant de (2) pwotagonis yo. Lè nou di pwotagonis nan konteks kriz Ayiti a, li enpotan pou nou fè mas Popilè yo konprann byen, n ap pale sou yon fraksyon ki sòti nan menm klas dominan an ak rejim pati politik la.
Soti nan mwa oktòb 2024 pou rive fevriye 2025, gwoup gang yo avanse pi plis toujou epi kontinye kraze tout sa mas popilè yo te rete kòm lespwa anvi viv ak ti lòzyè sa yo te rete. Nou kapab remake, Depi aprè tout rejim politik neyo-fachis PHTK a te fin mete yo dakò sou sasinay ansyen prezidan yo a, Jovnel Moyiz, nou kapab di, vyolans yo kontinye pran tout fòm.

Anplis sa yo pase ak yon nivo pèsòn pa ta panse. Sou kondisyon ke, fòk pati politik ekstrèm-dwat sa pran kontwòl tout teritwa yo, sitou nan depatman Lwès ak Latibonit. Nan komin Pòtoprens, preske 90% katye yo plonje anba dominasyon plizyè gwoup bandi. Nan komin site Solèy, tout katye yo tonbe sou kontwòl kriminèl yo. San konte, Solino , Kwadèboukè, elatriye. Aloske, chak teritwa sa yo gen swa yon flonn antrepriz ak endistri, kote klas kapitalis yo ap bwase lajan ak s***e san ouvriye ak Travayè yo san rete.
Mas popilè yo ap viv yon tansyon men wotè ki kraze tout mi espwa chanjman ak antant ki te bay lavi a yon sans ak yon jwa nan mitan yo. Se pa yon ilizisyon. Malgre twoup lame kriminèl enperyalis meriken an (VIV ANSANM) vle fè malerèz ak malere yo kwè latwoublay y ap simen an se sèl mwayen pou pote yon altènativ chanjman, k ap retire yo kote yo ye a, mas popilasyon apovri yo pa chwazi fè konfyans ak diskou twonpri sa yo. Lè y ap gade kouman : “se ti bebe yon (1) mwa bandi yo ap boule nan flanm dife”.

Avan tou nou dwe di klèman, enperyalis meriken mèt livre tout zam ki soti nan endistri lakay li yo, ratibwaze lavi tankou li fè pou pèp Siryen yo, soutni Izrayèl pou netwaye pèp Palestinyen an, Ayiti ap rete kanpe, jouk li fini yon lòt fwa ak tout fòm vyolans sa yo. Enperyalis meriken p ap janm fè jefò pou rezoud pwoblem li genyen la, piske li fè pati youn nan pwotagonis yo. Li vle pou nouvo klas kapitalis k ap kontinye eksplwatasyon richès peyi a, akapare plis teritwa yo rete sou kontwol li. Lagè kapital sa sanble pare pou efondre tout pèp ayisyen an. Lame enperyalis meriken enpoze nou an sanble la pèmanan, l ap gen soutyen chak pouvwa politik ki pran leta nan do volonte ak aspirasyon mas popilè yo, nan sousi pou yo kapab kontinye soumèt anba direksyon yon kowalisyon vanpi. Nou p ap doute tou, enperyalis meriken jwenn pwofi li nan enstore yon Yerachi k ap pran nesans nan yon diktati politik, apwouve pa ekstrèm-dwat Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK) an.

Pou yon dènye analiz, MOLEGHAF panse leve fòs pwodiktif yo, oprime yo, kont eksplwatasyon yo anba fòm leta sa se yon obligasyon. Toutfwa enperyalis meriken ak klas dominan nan peyi a pa deside lache opresyon yo, pandan l ap kontinye ap mande pou tabli yon demokrasi enperyalis ki pa ofri mas yo asirans kote yo ka defann yo kont tout pèsekisyon, se pou yo (mas yo) bay tèt yo zouti pou defann tèt yo fas ak eskadwon lanmò boujwa yo nan peyi a !
Viv yon leta kominis !
Viv yon sosyete Kominis !
Anba tout fòm leta ki anba dominasyon klas dominan an !
Anba enperyalis meriken !
Viv revolisyon !

David Oxygène, sekretè jeneral MOLEGHAF

05/03/2025

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite tout Ayisyen
(MOLEGHAF)

[email protected]
43, Riyèl Estimé, Fò Nasyonal
+55 21 99236-3118 / 3388-2326 / 4853-0423

Mèkredi 5 mas 2025

Lèt tou louvri pou prezidan Gustavo Petro.
Nan non Jean Jacques Dessalines papa Peyi Dayiti, nan non Aleksand Petyon papa
panamerikanism lan, nan non Simon Boliva liberatè siprèm sou kontinan Amerik di sid la,
Mouvman pou legalite ak fratènite ayisyen ak ayisyèn yo (MOLEGHAF) salye w M. Prezidan
Gustavo Petro. Nou pwofite voye tout respè ak felisitasyon pou tèt ou te genyen eleksyon yo
nan Peyi Kolonbi epi w vini premye prezidan lagoch nan istwa Peyi sa. MOLEGHAF pwofite
okazyon an pou l mande w pran tout dispozisyon pou w materyalize yon ansanm pwomès ou te
fè lè w te vin Jakmèl la, nan sidès Peyi Dayiti. MOLEGHAF te byen kontan tande pozisyon w
sou kesyon katèl kokayin ki nan Peyi Kolonbi k ap destabilize Ayiti nan yon nivo san parèy
jounen jodi a, nou ankouraje w rete sou pozisyon sa. Se pou sa, n ap mande w fè sa w kapab
pou w solidarize ak Ayiti, pou w ede l jere yon seri pwoblèm nan kèk domèn tankou; kesyon
materyèl ou te pwomèt nan lide pou anpeche gang kriminèl yo plonje peyi a nan plis dezawa,
sipò nan domèn ekonomi ak agrikilti...

N ap raple se depi lè rejim PHTK a pran pouvwa a nan lane 2011, peyi a tonbe otomatikman
anba pouvwa dilè dwòg, trafikan zam ak bal, se rezon sa ki fè yo rele tèt yo bandi legal. Nan
sousi pou yo kenbe pouvwa a pou 50 lane, jan yon ansyen premye minis rejim kriminèl sa te konn klewonnen sa, menm jan tou ansyen prezidan PHTK bandi legal ki te rele Jovenel Moïse
la te di: kèlke swa eleksyon ki fèt nan peyi Dayiti, yo pap janm ka pran pouvwa a. Nan yon lòt entèvansyon li te di; Pèp la ap kouri dèyè l pou l ale, moun l ap kite dèyè l yo ap pirèd pase l ( li
te vle fè referans ak bandi kriminèl Viv ansanm yo, ki toujou ap mande jistis pou li).
Sou pretèks y ap fè yon swa dizan revolisyon, yo fè Kapital Peyi Dayiti a Pòtoprens tounen yon
lanfè pou rezidan l yo. Yo detui sistematikman ekipman Leta yo tankou; Bibliyotèk nasyonal
peyi a, prensipal Lopital peyi a ki se Lopital jeneral, yo detwi plizyè fakilte pi gwo sant
inivèsitè piblik peyi a, pami yo; Fakilte syans, fakilte medsin, Lekòl Nòmal siperyè...Yo kraze
tou plizyè antite etid siperyè tankou, ENARTS, Lekòl Saj fanm, Lekòl enfimyè... Yo Chase tout
rezidan ki te nan zòn ak katye tankou Kafoufèy, Mòn atif, Solino, Bapetchoz, Maglwa Anbwaz
Kenskòf , Pènye, Kwadèboukè, Sous Matla, Savyen elatriye. Yo anpeche lekòl ak ti biznis
fonksyone, yo anpeche malere ak malerèz yo egziste, yo touye anpil moun, boule anpil kay ak
biznis, yo vòlè tout sa yo jwenn sou wout yo, yo kidnape, yo pran ògàn moun pou yo revann,
yo fè tout kalte krim. Pèp ayisyen bouke ak pratik sa yo.
Nan sans sa, MOLEGHAF konte sou sipò w, nan non tout zansèt nou yo, nan non tout liberatè
nou yo, pèp ayisyen vle pou Peyi Dayiti sispann yon pasrèl ant peyi Kolonbi ak Eta Florid la k ap tranzite kokayin, se kokayin sa ak lòt trafik kriminèl ki fè gang yo vin pi puisan de jou an
jou. Pèp ayisyen mande konkou w, yon sipò ki pa dwe pran reta paske pèp la ozabwa, li paka respire anba tout kalte krim bandi kriminèl rejim PHTK ansyen prezidan Michel Martelly ak Jovenel Moïse la, MOLEGHAF mande solidarite ak Peyi w la ki se yon zanmi istorik Peyi
Dayiti.

Pandan n ap tann yon repons favorab ak demand nou an, nou voye tout bèl salitasyon yo pou ou
M. Prezidan Gustavo Petro.

David Oxygène, Sekretè jeneral MOLEGHAF.

Nou menm mas malere ak malerèz yo, n ap kontinye reziste, leve kanpe kont leta kriminèl la kont laboujwazi sanginè a kon...
24/02/2025

Nou menm mas malere ak malerèz yo, n ap kontinye reziste, leve kanpe kont leta kriminèl la kont laboujwazi sanginè a kont entènasyonal kominotè a k ap fè tout fason pou detui tout fòm lavi nan peyi a.

24/02/2025
Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite  tout Ayisyen   (MOLEGHAF) moleghaf17@yahoo.fr43, Riyèl Estimé, Fò Nasyonal...
19/02/2025

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite tout Ayisyen (MOLEGHAF)

[email protected]

43, Riyèl Estimé, Fò Nasyonal

+55 21 99236-3118 / 3388-2326 / 48 53 0423

Madi 18 fevriye 2025

Depi plizyè lane kondisyon lavi peyizan, moun nan katye popilè yo pa sispann deteryore, lavi chè, dominasyon fòs pouvwa boujwa, vyolans fizik, ekonomik elatriye. Pou n site kèk zòn tankou Kafou fèy, Gresye, Solino, Lyankou ak plizyè lòt toujou se pa ti dega milis prive leta newoliberal la pa fè. Yo fè tout kalite zak represyon sou moun yo laa anba je leta ki pa janm kreye Kondisyon pou amelyore Kondisyon lavi klas ki pi pòv yo ak kreye Kondisyon pou yo viv nan lapè.

Padan dènye semèn sa yo kote gwoup kriminèl yo pa sispann pran teritwa, se tou pa moun Kenskòf. Kriminèl yo piye, boule, vyole sou pèmisyon leta boujwa a. Se nan menm semèn sa yo tou gwoup kriminèl yo jete yon ti bebe blanch nan dife devan je manman li, kèk jou aprè manman an tou ki p at kapab sipòte doulè pitit li tonbe nan lanmò. Nou menm MOLEGHAF nou denonse ak tout fòs nou zak kriminèl milis leta newoliberal la kontinye ap fè sou popilasyon an patikilyèman nan Komin Kenskòf. Sann pa bliye Nazon, Dèlma 30, moun Solino ki poko kapab retounen lakay yo ak divès lòt zòn kap konsonmen lanmò anba men kriminèl leta boujwa a.

Pou jouk jounen jodi a CPT a ak divès lòt kò ki nan peyi a pa janm rive kreye Kondisyon pou klas defavorize a jwenn yon lavi miyò. Se plis teritwa ki pèdi, se plis moun ki ale nan kan lamizè yo, se plis tifi ki vyole .

MOLEGHAF kenbe pozisyon l bò kote klas defavorize nan move lavi y ap konnen e MOLEGHAF ap kontinye rele aba leta newoliberal saa, aba plan lanmò leta boujwa mete nan katye popilè yo , aba enperyalis Etazinyen.

Libète pou klas defavorize a
Libète pou pèp Ayisyen
Viv kominis

David Oxygène, Sekretè jeneral MOLEGHAF.

Adresse

Fort-national
Port-au-Prince

Téléphone

+50934835108

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Moleghaf publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Moleghaf:

Partager