03/08/2025
Peyi san espwa🥺
Mwen poko gen trant an, men mwen santi’m fin granmoun,
Lavi mete chay sou do’m, chak rèv vin tounen fènwa.
Anba solèy Ayiti, se pa chalè’m jwenn,
Se swe, se fristrasyon, se frison lavi san lwa.
Chak maten m leve ak espwa nan lespwa,
Men chak swa, se dezilizyon k ap fè’m kriye an silans.
Gen moun ki di “pa dekouraje”, men yo pa viv sa nou viv,
Lè tout pòt fèmen, tout avni san sans.
Peyi sa a pa ban nou plas,
Li jete jèn li tankou fatra.
Nou gen diplòm nan men, men pa gen travay pou sa,
Nou gen talan, men sistèm nan pa vle wè sa.
Nou mache ak tèt nou plen plan,
Men chak jou se move nouvèl ki detwi chak ti elan.
Kibò pou nou pase, lè tout chimen vin tounen miray?
Kibò pou nou pale, lè menm vwa nou pè di verite anfas tray?
Menm si tout bagay san sans,
Mwen refize mouri an silans.
M’ap ekri pou tout kè k ap soufri,
Paske menm nan fènwa, gen pawòl ki ka klere lari.
Mèt vil la Ti Babi Positif Acul Du Nord News Cosmo TV Show Bagay 9 Ofisyèl