Yougot SENAT

Yougot SENAT Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Yougot SENAT, Évènement, Anse Rouge.

24/02/2024
24/02/2024

473.3K j'aime, 208.8K commentaires. « Replying to .7e @👑 MASK_MAN 👑 »

24/02/2024

5011 j'aime, 3604 commentaires. « Men kijan Pou Monetize tiktok epi fè laj@n chak jou 🇺🇲hayiti🇭🇹 John 🇨🇦🇭🇹 »

23/02/2024

Jenès peyi m, klas domine a, jodi a endiyasyon pouse m ekri nòt sa a pou m k ap pale avèk nou. Sitiyasyon n ap viv jounen jodi a difisil anpil, malgre nou nan peyi n, men nou pi mal pase yon etranje k’ap viv nan mawonnaj. N ap viv nan pwòp peyi n kote nou ta dwe alèz e poutan se la nou santi nou pa alèz ditou. Tout sa, se paske nou pa mete an aplikasyon tout prensip ki te pèmèt fondasyon nasyon an. Nou pa dwe janmè bliye sa : zansèt nou yo te mete tèt yo ansanm pou goumen kont sistèm kolonyal la ki rele jounen jodi a sistèm enperyalis la, yo te goumen kont segregasyon rasyal ki jounen jodi ki parèt sou yon lòt fòm kote genyen yon ti gwoup etranje ki vin tabli yo nan peyi e se yo menm ki kontwole ekonomi an e ki toujou mete tèt ak enperyalis yo pou mete yon prezidan pope twèl ki soti nan mitan klas domine a ki pou travay nan detriman klas kote l soti a nan objektif pou defann ak pwoteje pwòp enterè yo, e pou fini, zansèt nou yo te mete tèt yo ansanm pou goumen kont lesklavaj ki jounen jodi replase pa sistèm peze s***e sa nou gen la a paske yo te vle viv lib, yo te vle granmoun tèt , yo te vle gen kontwòl pwosesis pwodiksyon an.

Mwen fè ti rale sa a, se yon mannyè pou m te ka raple nou poukisa zansèt nou yo te goumen e nou menm tou, jounen jodi a, poukisa nou dwe kontiye goumen. Zansèt nou yo te rive kapote sistèm kolonyal, rasyal la ak lesklavaj la pou te fè limen flanbo libète a toupatou sou latè se paske yo te rive idantifye kilès ki lènmi e yo te mete tèt yo ansanm jiskaske yo te pote laviktwa.

Jodi a li klè e li pa yon sekrè pou pèson, lènmi pèp ayisyen an se oligachi ekonomik lan ak oligachi politik la. Se kont de gwoup sa yo, nou menm, jenès peyi a ak moun yo pran pou tòchon pye yo, nou dwe mete tèt nou ansanm pou n goumen jiskaske nou rive chanbade sistèm pouri sa a ki la a, kote se koripsyon ak enjistis sosyal k ap vale teren. Fòk nou sispann detwi pwòp tèt pa nou pou nou sa yo ki pa genyen vrè enterè nan devlopman peyi a. Yo toujou vle kreye enstabilite yon mannyè pou yo k ap gen kontwòl ekonomi an ak pouvwa politik la. Mwen ede nou idantifye lènmi nou yo se yon mannyè pou n pa kite moun sa yo pwograme nou ak mete nou devan pou n ale krazè brize byen frè ak sè nou ki nan menm klas sosyal ak nou, boule wout ak polye lanviwonman kote nap viv, kraze ak boule byen leta , pou nou kreye latwoublay pou pitit nou pa k ap ale lekòl. Si nou kite moun sa yo kontinye kontinye ap itilize nou konsa se sitiyasyon la vi nou k’ap vin pi mal. Eske nou konnen byen tout moun ki fè pati oligachi politik la pa gen fanmi yo nan peyi a, pitit ak madanm yo nan peyi letranje ? Kidonk, yo pa gen kras enterè yo pou peyi sa a chanje : pou gen bon jan lopital ak lekòl nan peyi a pou pitit malere ak malerèz yo, yo p ap vote bon lwa ki pou fasilite yon bon relansman pwodiksyon agrikòl ak devlopman devlopman agwo endistriyèl nan peyi a. Lè yo malad yo pran avyon y ale pran laswenyay nan peyi lòt bò dlo, lè peyi a cho yo pran avyon pou peyi letranje, timoun yo nan gwo lekòl nan peyi blan. Si la yo nan oligachi ekonomik la fè menm bagay la tou. Youn nan bagay nou dwe konnen, chak grenn politisyen se yon maryonèt , chak grenn boujwa nan oligachi ekonomik lan utilize pou defann enterè ekonomik yo. Ki donk, Lènmi nou se moun sa yo.

Poutèt sa, m ap mande pou nou mete tèt nou ansanm, nou menm ki se sitaden, nou menm ki se pitit peyizan, nou menm k ap viv lavil tankou nan mòn, nou menm ki konn li ak sila yo ki pa konn li pou nou fè yon konbit pou nou goumen kont moun sa a paske nou nan menm bato. Si non, nou tout ap peri, sistèm lan rive nan bout li, fòk sa chanje !

Viv yon ayiti granmoun tèt li kote enjistis sosyal ak koripsyon kaba !
Yougot SENAT, Sitwayen angaje !

22/02/2024

21/02/2024

Nou bezwen yon levanjil enstriktif

Adresse

Anse Rouge

Téléphone

+50942818081

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Yougot SENAT publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Yougot SENAT:

Partager